Atik 106.- Pandan tan manda depite yo, yo pa ka gen okenn lòt fonksyon Leta kote moun gen salè, anwetan fonksyon pwofesè. Moun ki pa ka pase nan eleksyon pou depite : a) Moun k ap jere byen pou Leta, oubyen moun ki gen kontra pou yo b) Minis, sekretè d Eta yo, direktè jeneral yo, jij yo, komisè Gouvènman ak sibtiti komisè Gouvènman ki te toujou an fonksyon yon lane anvan dat eleksyon yo ; c) tout moun ki nan sitiyasyon kote Konstitisyon sa a ak lalwa pa pèmet yo poze kandida nan eleksyon.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.