Atik 110.- Nan ka kote yon depite mouri, li demisyone, li pèdi pòs li, li pran yon kondanasyon Lajistis oubyen li aksepte yon pòs ki pa mache ak fonksyon palmantè a, y ap òganize eleksyon nan sikonskripsyon kote li soti a pou yo ranplase l. Depite ki pase nan eleksyon an ap fini rès tan manda depite li ranplase a. Konsèy elektoral pèmanan an ap konvoke asanble primè elektoral la nan lan. Eleksyon an ap fèt trant (30) jou apre sikonskripsyon elektoral konsène a fin resevwa konvokasyon an. Sa ap fèt menm jan nan ka kote Lakou konstitisyonèl la anile youn oubyen plizyè eleksyon nan youn oubyen plizyè sikonskripsyon. Men li p ap nesesè pou gen eleksyon nan sikonskripsyon konsène a si ta gen depite ki pa ka ranpli fonsksyon l pandan dènye sesyon òdinè lejislati a oubyen apre sesyon sa a. Yon depite pèdi pòs li pandan manda l la depi li jwenn yon pinisyon grav oubyen yon pinisyon pou l ta wont devan yon tribinal dwa komen ki gen konpetans pou l pwononse sou ka li a. 37 ===
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.