Atik 114.- Ane palmantè a gen de (2) sesyon. Premye sesyon an kòmanse dezyèm lendi mwa Janvye pou l fini dezyèm lendi mwa Jiyè. Dezyèm sesyon an kòmanse dezyèm lendi mwa Sektanm pou l fini dezyèm lendi mwa Desanm. Nan espas tan ki separe sesyon òdinè yo, e depi gen ijans, Prezidan Repiblik la ka deside konvoke Asanble nasyonal la nan yon sesyon estwòdinè. Asanble nasyonal la pa gen dwa pran okenn desizyon sou yon sijè ki pa parèt nan pwogram konvokasyon Prezidan Repiblik la.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.