Retounen nan tout atik yo
ATIK 125 / 277
ATIK 125

Chapit 2.-

Atik 125.- Depi Asanble nasyonal la fin vote yon lwa, l ap voye l bay Prezidan Repiblik la san pèdi tan. Anvan Prezidan Repiblik la pibliye lwa a, l ap gen yon dèle kenz (15) jou fran apre l fin resevwa tèks la pou li fè konnen si l gen pwoblèm ak yon pati nan tèks la oubyen ak tout tèks la. Sizoka Prezidan Repiblik la gen pwoblèm ak tèks la, l ap voye l tounen ansanm ak dezakò li yo bay Asanble nasyonal la. Si majorite manm Asanble nasyonal la adopte tèks lwa a jan l te ye anvan an, Asanble a ap konsidere l kòm lwa, e Prezidan Repiblik la ap pibliye lwa sa a. Si majorite manm Asanble nasyonal la pa rejte pwen dezakò Prezidan Repiblik la sou tèks la, Prezidan an ap pibliye lwa sa a san pwen li gen dezakò sou yo a, men ak kondisyon pati ki pa la yo pa deranje rès tèks la. Si Asanble nasyonal la aksepte pwen dezakò Prezidan Repiblik la, Asanble a ap reprann pwosedi lejislatif òdinè a sèlman sou pati nan lwa ki mande chanjman an.

KISA OU PANSE DE ATIK SA A?

Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.

Konekte kounye a

REZILTA KONSILTASYON SITWAYEN

0%

DAKÒ

0%

PA DAKÒ

0%

POKO DESIDE

0 sitwayen patisipe sou atik sa a.

DISKISYON SOU ATIK 125 (0)

Poko gen kòmantè sou atik sa a. Be premye ki bay opinyon w!

← ATIK ANVANATIK 125 / 277PASE NAN PWOCHEN ATIK LA