Atik 139.- Prezidan Repiblik la gen iminite pandan tout tan manda li a, sof nan ka kote Wot Kou jistis kòmanse pwosedi revokasyon Prezidan Repiblik la ak nan ka kote Konstitisyon sa a mete limit nan koze iminite sa a. Yo kapab rapousib Prezidan Repiblik la devan jiridiksyon dwa komen yo pou tout zak koripsyon oubyen tout lòt krim, deli ak kontravansyon apre tan manda li a bout. Pandan tan manda Chèf Leta a, y ap kanpe sou tout aksyon yo t ap mennen kont li kòm sitwayen devan lajistis.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.