Atik 225.-Mwatye nan manm Asanble nasyonal la gen pouvwa mande mete Prezidan minis yo ak sekretè d Eta yo ann akizasyon pou krim trayizon kont peyi a. Krim trayizon kont peyi a, se : pran zam nan yon lame etranje kont Repiblik la, travay pou yon nasyon etranje pandan li an konfli avèk Repiblik la, oubyen se zak kote sila yo ki plase pou yo fè respekte Konstitisyon an ap vyole l.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.