Atik 25.- Anwetan ka kote yo bare moun ap fè move zak, yo pa gen dwa arete okenn moun ni fèmen okenn moun nan prizon san se pa ak yon manda yon jij lalwa bay konpetans pou sa. Anwetan ka kote yo bare moun ap fè move zak, yo pa gen dwa arete moun ata ak manda ant sis (6) è di swa al pou sis (6) è di maten. Ni yo pa gen dwa fouye kay moun ant sis (6) è di swa al pou sis (6) è di maten.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.