Atik 43.- Laprès lib pou li fè travay li. Jounalis la lib pou l pratike pwofesyon l dapre kondisyon lalwa fikse. Li pa bezwen pyès otorizasyon pou li travay epi yo pa dwe mete limit sou travay li sof nan moman lagè. Yo pa ka fòse jounalis la bay kote li jwenn enfòmasyon. Men li gen devwa pou l verifye si enfòmasyon l ap bay yo vre epi si yo egzak. Mete sou sa, li dwe respekte prensip etik ak prensip deyontoloji metye jounalis la.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.