Atik 56.- Patrimwàn nasyonal la ranmase tout sa peyi a genyen kòm richès tankou akeyoloji, istwa l, kilti l ak fòlklò l menm jan ak tout bèl zèv achitekti li nou genyen nan listwa nou. Nan sans sa a, moniman, ansyen konstriksyon ki fin kraze yo, anplasman kote zansèt nou yo te genyen tout gwo batay yo, espas tout moun rekonèt kòm sant kwayans afriken nou yo ak tout lòt tras pase nou an dwe jwenn bon jan pwoteksyon bò kote Leta. Lalwa fikse kondisyon espesyal pou chak domèn sa yo jwenn pwoteksyon.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.