Atik 76.- Leta kapab deklare pwopriyete yon moun kòm byen piblik pou rezon itilite piblik. Pou sa fèt, fòk Leta depoze yon lajan oubyen fòk gen yon dokiman otorite Lajistis ki gen konpetans pou sa bay. Se sou baz evalyasyon yon espesyalis Leta ap fikse lajan dedomajman an. Si yo kite pwojè yo t ap fè anvan an, y ap anile mezi deklarasyon pwopriyete moun nan kòm byen piblik la, epi yo p ap gen dwa fè okenn tranzaksyon sou byen sa a. Nan ka yon moun ki pa gen lòt byen, Leta ap remèt byen sa a san pwopriyetè a pa remèt lajan dedomajman an. Y ap aplike mezi deklarasyon pwopriyete moun nan kòm byen piblik la kou yo kòmanse reyalize pwojè a toutbon vre.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.