Atik 93.- Leta kreye Biwo pwoteksyon sitwayen an, yon òganis piblik endepandan. Biwo pwoteksyon sitwayen an la pou li pwoteje tout moun kont tout kalite abi yo kapab sibi nan Administrasyon piblik la epi li la pou li fè pwomosyon ak defann dwa moun. Nan kad travay Biwo pwoteksyon sitwayen an, li dwe veyatif sou tout plent medam yo depoze, espesyalman plent ki konsène zak diskriminasyon travay yo.
KISA OU PANSE DE ATIK SA A?
Konekte sou PÒTAY pou w ka bay opinyon w sou atik sa a.